|
Pratt
Joined: Sun Jul 08, 2007 4:21 pm Posts: 0 Gender: Male
|
 Move rev
Tande traka ki gen sou potay, sou lot bo site soley,labou sevi siman pou kay ti neg pa ka manje,men yap fimen pay pita yo pral fe dekrochaj kap bay lot tray
rele manze rosali pou mwen, dil pa monte kafou fey paske m'tande yo ranje yon pyej pou fel disparet anba souflet marasa bo zorey yo soti pou rete ke peyi, tanpri bouyi yon te fey ba li. Yo deside pou fe kadejak sou ou men'm si'w vyej a la derespektan, yo semante men yo pi pwop pase nej
map mande kile rey Bondye va vini pou pote dlo, ki ka debarase tout move ze-ta zini ki mare goj nou, pou peyi'n pa janm ini pou chak swa, bann san manman, tout anwo dikini desan kafou fey, rive jous jimani ki semante swasant diset fwa, ke peyi ap rete toutotuni
lone, respe, devan pot tounen deye kay neg lavil ak neg andeyo refize fe maryaj konesans teknoloji ak lespri pou fe late travay pou bay pitit Desalin ak Tousen bon la swenyaj pou demen yo ka vinn djanm, pou yo konbat moun kap fe piyay sou do peyi a, le sa vre pep Ayisyen va soti nan lesklavaj
|